Business
Neverland is Home
Published On
Aug 17, 2025
M pa t ka tann pou ou te li nòt sa loll, paske sa vle di anpil pou mwen. Deja paske sa se yon endis ki vle di katriyèm albòm mwen fini, e la a m ap pare pou soti l. Men tou, paske nòt sa ap make yon premye pa nan pwochen etap m ap pran ak mizik mwen. Chanjman yo anpil, kit nan lavi prive ni kote lavi atis la, men nou konnen deja n ap okouran sa yo nan albòm lan, paske se toujou konsa. E m pwomèt nou sa ap sensè e n ap pale ak kè louvri.
Dezyèm rezon nòt sa a se pou m ka envite ou nan inivè Def la. Kote, jan nou abitye fè l Castro, nou ka kontre pou n diskite tout sa nou vle, e sitou si sa gen rapò ak mizik. La a, nou kapab kreye ansanm, paske m mete a dispozisyon tout konpetans mwen, tout eksperyans mwen, tout sa m aprann nan mizik la, nan fason ou kapab fè mizik ou jan ou vle, epi grandi piblik ou, distribiye mizik ou, pou o final ou kapab genyen lavi ou, reyalize rèv ou ak sa ou konn fè, sa ou renmen fè, menm jan ak mwen 😂😂😂
Nenpòt ti etensèl kapab bay gwo boukan. Nenpòt ti bourad ou jwenn, nenpòt sipò, kapab ede konstwi gwo bagay… Se nan lide sa m envite ou deja nan Defnote, paske menm jan sipò sa yo ede m konstwi m, m vle retounen l bay piblik la. M ap disponib e dispoze pou ansanm sèvis sa yo : ghostwriting, featuring, pèfòmans live, masterclass, direksyon atistik, elatriye.
Pou m fini, se yon espas tou kote ou kapab achte tout sa m ap mete disponib pou vann, tankou albòm, mayo, tikè evènman, elatriye. E se la tou ou ap jwenn tout esklizivite, tout nouvèl ofisyèl sou Def. Ou ap jwenn yo tou sou platfòm San Adrès la.
Yon lòt fwa ankò, mèsi pou sipò ou, pou lanmou, pou jan ou prezan ak pwojè m yo, ak lide m yo. Ou ki ap li tèks sa a, m ap raple ou : sa k gen ANT MWEN AK OU an, sakre. Yon katriyèm albòm… tout sa, se gras a ou.
PS: M ap toujou fè mizik e m ap toujou sipòte underground lan.
Dèf